Sunday, November 30, 2014

Deklarasyon Fanmi Lavalas Nan Depatman Nòdwès

16 Desanm 2013 

Nan Depatman Nòdwès, grangou ap vale teren. Sitirasyon malouk grangou wòz sa a, nou wè l, gaye nan tout peyi. Lakay nou, grangou sa parèt pi wòz toujou akòz pwoblèm wout ak pon kap fini ak depatman. Efò ki te konn fèt sou gouvènman lavalas pou kolte ak pwoblèm malouk sa yo disparèt. Sa ki rann lavi anmè kon fyèl nan bouch nou.  Pou Ayiti delivre anba makonn pwoblèm sa yo, fòk nou reyalize yon lòt 16 desanm 1990 kidonk yon delivrans demokratik.
 
Pou nou menm nan Nòdès, pwoblèm grangou sa a makonnen ak chomaj la. Nou vle gen travay nan tout depatman Nòdès. Menm jan isit nan Potoprens ouvriye pran lari pandan 5 jou pou reclame 500 goud kòm salè minimòm, lakay nou tou ouvriye ap bourike pou chwal galonen. Se pou sa nap mobilize jouk mayi mi pou nou fè yon lòt 16 desanm 1990.  
 
Nou menm nan Latibonit, nou konstate ki jan peyizan yo pa jwenn ankadreman nan men Leta. Pri angrè a ap monte chak jou, kidonk pa gen manje. Jan nou tout konnen se manje ki desanm pri manje. Pou gen manje fok gen prodiksyon nasyonal, se pou sa nou ranmase revandikasyon tout peyizan nan peyi a pou nou rele chalbare dèyè tout otorite san konsyans sa yo. Vle pa vle, nap fè yon lòt 16 desanm 90.  
Nou menm nan depatman Nò, nou wè ak de je an nou ki jan jistis ap vann e revann nan peyi a. Lè nou kanpe pou egzije jistis, yo vyole dwa nou; lè nou manifeste pasifikman pou egzije manje, dlo potab, elektrisite, kay, travay, konstriksyon wout ak pon, lekòl, lopital elatriye yo ba nou gaz lakrimogèn; ata elèv lekol ki viktim gaz lakrimogèn poko sispann kriye.  Viktim koudeta 1991 tankou viktim koudeta kidnapin 2004 ak tout lòt viktim yo poko jwenn jistis. 16 desanm 90 nou te di Jistis, Transparans, Patisipasyon, nap kontinye mobilize, manifeste poun jwenn jistis kanmenm lè nou va fè yon lòt 16 desanm 1990.
 
Nou menm nan depatman Grandans, nou konnen si te gen transparans pa tap gen tout koripsyon, vòl kap fèt jodi a. Si te gen patisipasyon pèp la nan pouvwa a, bagay yo pa tap aloral. Transparans ak patisipasyon tap déjà fè nou jwenn wout pou nou sispan pase tray lè nap vwayaje. Akoz pwoblèm transpò a, depatman an koupe ak rès peyi a. Kòm se tout peyi a kap soufri anba pwoblèm wout, chomaj, grangou elatrye, nap leve kanpe lavalaseman pou nou fè yon lòt 16 desanm 1990, paske yon lòt 16 desanm 1990 egal delivrans demokratik.
 
Nou menm nan Nip, nou konstate gen yon minorite ki rich, gen yon majorite kap bat dlo pou fè bè. Pwogrè depatman nou an makonnen ak yon tèt ansanm endispansab ant moun rich ak moun malere. Verite sa vo pou tout peyi a. Avni Ayiti depann de nou menm ayisyen. Developman depatman nou an chita nan pla men nou. Se pou sa nous deside kole zepol youn ak lòt pou nan Nip kòm nan tout peyi, gen yen yon leve kanpe jeneral pou kwape chomaj, kwape grangou jis nou rive nan yon kokenn delivrans.  
 
Pou nou menm nan Depatman Sant, sitirasyon mas pèp la vin pi difisil chak jou. Sa ki lakòz frè n ak sè n travèse fwontyè a al pran imilyasyon nan repiblik Dominikèn. Se chak jou yap sibi move tretman anba vyolasyon dwa moun.  Pandan tan sa, gouvènman bò isit la ap retire travay nan men ayisyen pou l signe kontra ak konpayi dominikèn. Lajan peyi a fin gaspiye. Lè n tande rèl konpatriyòt nou yo nan Repiblik Dominikèn, nou pran angajman pou travay ak tout lòt depatman yo pou nou fè yon lòt 16 desanm 1990 pou kreye pi bon kondisyon lavi pou tout ayisyen.
 
Nou menm nan depatman Sid nou gen menm pwoblem ak lòt depatman yo kidonk nap soufri anba chomaj, grangou, edikasyon aloral, jistis fò mamit ki kenbe dwog dilè, lage dwòg dilè. Erezman semèn pase a, pitit depatman Sid la sòt demontre si gen 2, 3 tèt kale, 90% depatman se lavalas je kale ki kanpe djanm pou yo pa kale tèt yo. Se nan tout peyi pou tout Lavalas kale je yo pou nou fè yon lòt 16 desanm 90.  
 
Se menm jan tou, nan zòn bò lakay nou nan depatman Sidès, nou gen menm pwoblèm mizè, chomaj, grangou, edikasyon aloral, enpinite, ensekirite elatriye. Kanta pou manti se chak jou gouvènman fè nou bwè manti maten, manje manti a midi e soupe manti aswè. Lè nou pran lari pou ekzije yo respekte pwomès yo te fèn pou repare pon, yo ban nou ni manti ni gaz lakrimojèn. Nou bouke ak manti, se pa pou sa nou te fè 16 desanm 90. Nou se moun ki gen yen diyite, moun ki gen diyite pa asepte yo woule yo nan farin manti. Se pou sa pou n sòti anba gouvènman ak leta kap bay manti, nou deside mobilize pou n fè yon lòt 16 desanm 90.
 
Bò isit nan depatman Lwès, se nan izin manti menm nou ye. Nan televizyon manti, nan radyo manti. Nan Palè nasyonal manti, nan Primati manti. Plis gen manti plis ap gen ensekirite. Se pou sa nan katye popilè yo, pouvwa a vide pwomès manti pandan lap distribye zàm pou fè pitit pèp goumen ak piti pèp.  Kidonk nou pa gen ni lapè nan vant, ni lapè nan tèt. Sèl jan pou nou chanje sitirasyon malouk sa a se antann poun antann nou. Jan òganizasyon Fanmi Lavalas mande l, nou deside mache nan tèt ansanm, nan respè youn pou lòt, nan disiplin, nan respè règleman manman lwa òganizasyon an. Yon lavalas se yon patriyot, yon bon lavalas se yon bon patriyòt, lavalas se linyon fè la fòs. Se fòs sa ki ap mennen n nan yon lòt 16 desanm 90 .
 
Nou menm nan 11èm depatman an, pandan nap trimen nan peyi etranje pou nou fè solidarite ak fanmi n, frè n, sè n bò isit la, gouvènman sòti pou fini avek nou. Lè n fè apèl telefonik, yo pran milyon ven sou nou; lè nou fin redi travay pou n voye kòb an Ayiti, yo souse kouraj nou pi rèd.  Se ak $1.50 sa plis lajan taks yo pran sou nou ke yap banboche sou do pèp la. Sa fè nou mal anpil. Lè lavalas tounen opouvwa, li pap konsa paske $1.50 la ap anba kontwol lalwa pou pèmèt nou vanse ak ideyal 16 desanm la ki di ledikasyon pou tout moun.
Yon lòt 16 desanm 1990 egal delivrans demokratik !!!

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se lavalas !!!

No comments:

Post a Comment