Friday, November 7, 2014

Denonsyasyon MOLEGHAF sou dekorasyon Gerard Latortue (Gwo Gerard)

Mouvman libète, Egalite ak Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF) yon Òganizasyon ki toujou vijilan kap kontwole koz mas yo. 
MOLEGHAF ap di tout moun ki te wè klè pandan period 2004 la, yo te rive konprann ki wòl ansyen premye minis defakto Gerard Latortue te jwe, ki wòl patwon l ki se gwo peyi enperyalis yo te voye l jwe espesyalman patwon l wachinton. 
Fòk nou raple pou tout moun, batay ki t’ap mennen kont ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide la, te dewoule sou kontwòl Wachinton, Pari ak Otawa. Kidonk gwo peyi sa yo te itilize la boujwazi kowonpi, la CIA, senkyèm kolòn boujwa yo ak yon ti gwoup etidyan ki te manipile pa Baker ak Apaid. 
Nou ka konprann te gen kèlke deriv nan moman Aristide tap dirije peyi a, yon seri deriv ki te ka klase kòm deriv segondè kote mas yo te ka regle sa antre yo, sanke wachinton pap bezwen konbat mas yo apati koudeta 2004 la. Men piske Boujwazi a te asoife pouvwa, asoife richès pi plis toujou, yo te deklanche yon batay sanglan kont mas yo sou kontwòl patwon entènasyonal yo Wachinton, Pari ak Otawa. 
Fòk tout moun dakò pandan peryòd 2001-2004 se pat Boujwa ki te sou pouvwa, se pat boujwa yo ki t’ap dirije. Li klè pou tout moun enperyalis yo pa dakò mas sou pouvwa nan nenpòt ki peyi sou latè ; yo pa dakò lidè ki sot nan mas yo dirije. 
Sa-a se te yonn nan veritab rezon koudeta 2004 la. Nan batay enperyalis la t’ap mennen kont Aristide sou pouvwa an 2004, yo te gen 2 kategori jwè. 
Nan premye kategori jwè a, nou jwenn pati politik yo ki te rasanble yo na konvèjans demokratik Boujwa, gwoup 184 ki te gen ladan l yon bann boujwa ki te san okenn pwojè nasyonal, USAID, FMI ak BANK MONDYAL, san nou pa bliye gwoup profesè ak kèk grenn etidyan ki te manipile pa Apaid ak Baker pou yo te ka jwenn bous detid, metriz ak doktora nan peyi lafrans. 
Men enperyalis la te gen lòt jwè kle ki pat janm parèt vizaj yo sou sèn lan, se sak fè se yon Gerard Latortue ki te vinn premye minis peyi a, pou te ka akonpli pwojè enperyalis yo genyen pou Ayiti. Tout moun konnen pwojè enperyalis yo pou Ayiti se yon pwojè lanmò pou mas yo, pou sila ki pi mal nan katye popilè yo. 
MOLEGHAF fè ti rale sa, pou l montre li pa etone ditou lè peyi Chili deside, bay Gerard Latortue yon dekorasyon ofisyèl ki pote non « Ordre de mérite du Chili ». Daprè prezidant Michelle Bachelet peyi Chili deside dekore ansyen premye minis defakto Gerard Latortue pou bonjan travay li te fè bò kote Boniface Alexandre. 
Pou listwa nou menm nan MOLEGHAF, nou pote yon demanti fòmel ak pawòl tèt anba sa-a, Michelle Bachelet Prezidant peyi Chile di a, Kòmkwa gwo Gerard te mete « La paix » nan peyi a pandan peryòd 2 lane li t’ap jwe jwèt enperyalis yo kòm premye minis defakto. 
Li klè pou nou k’ap viv nan katye popilè yo, pandan 2 zan Ansyen premye minis defakto gwo Gerard t’ap dirije peyi a se masife malere ak malerèz t’ap monte. 
Nap raple pou prezidant Chili a yon sèl jou gwo Gerard ansanm ak fòs okipasyon payi a MINUSTAH tire 22 mil katouch nan site soley pou te teworize, masakre, touye, elimine abitan k’ap viv nan pi gwo bidon vil sa, pi gwo katye popilè sa nan peyi a (site soley).
Nap raple pou prezidant Chili a Michelle Bachelet se menm gwo Gerard sa ki te monte fò nasyonal touye 13 jèn gason paske yo te idantifye kòm militan lavalas, yo te touye 13 jèn yo, se aprè yon gwo deklarasyon madam Jesikamo Kwakou te fè lèl te di menm chen fò nasyonal gen zam. 
Nap raple pou prezidant Chili a, se menm gwo Gerard sa ki te di « Pèp bèlè, Solino, site Soley, Lasalin, Fò nasyonal, Gran ravin tire sou mwen, mwen tire sou yo tou ».
N’ap raple pou Michelle Bachelet, se menm gwo Gerard sa ki te antre nan Teleco, APN, ONA ak SMCRS revoke tout moun yo te idantifye ki te sòti nan katye popilè yo. Tout moun yo te idantifye kòm patizan, senpatizan osnon manb Fanmi Lavalas ki fè jounen jodia gen anviwon 10 mil manman ak papa pitit ki te rive pèdi djòb yo nan antrepriz piblik yo. 
N’ap raple pou prezidant Chili a, Michelle Bachelet se menm gwo Gerard sa ki te vyole manman lwa peyi a lè l te deside siyen akò syej 9 jiyè 2004 la ki pote non rezolisyon 1542 ansanm ak Adama Guindo pou nasyonzini. 
N’ap raple pou Michelle Bahelet si jounen jodia pèp Ayisyen an ap mouri ak kolera MINUSTAH, kadejak MINUSTAH, Vyòl MINUSTAH, Vòl MINUSTAH, Masak MINUSTAH nan katye popilè yo ak nan seksyon kominal yo, premye responsab aprè nasyonzini se gwo Gerard li rele. 
Pou nou nan MOLEGHAF nou denonse non sèlman konpòtman Prezidant Michelle Bachelet, men tou nou denonse dekorasyon an, pou nou nan MOLEGHAF dekorasyon sa se yon dekorasyon « La Honte ».
Konpòtman Michelle Bachelet afiche nan dekore kriminèl montre li pa genyen okenn respè pou Salvador Allende e sa montre tou avèk Bachelet sou pouvwa nan peyi Chili gen gwo travay k’ap fèt pou konstwi LAREYAKSYON nan rejyon an sou kontwòl wachinton.
MOLEGHAF denonse ak tout fòs li, enèjikman dekorasyon peyi Chili ap bay jodia ki 6 Novanm 2014 Ansyen kriminèl Gerard Latortue. 
Jodia si se yon dekorasyon pou krim, pou konplo sou do mas yo, pou masak nan katye popilè yo, pou revokasyon gwo ponyèt, pou restavèk wachinton, pou vann payi a, pou te kite gwo konpayi miltinasyonal yo piye resous peyi a, MOLEGHAF dakò san pwoblèm.


Fondé le 17 Octobre 2009  
Siège Sociale Fort-National # 25 
Tél : (509) 3636-9489 / 4201-1717 
Email : moleghaf17@yahoo.fr 



No comments:

Post a Comment