Thursday, November 6, 2014

Men sa Bandi Legalize an Bwasle Woz yo pap janm konprann.

Men sa ki fe moun ki senpatizan Tèt Kale yo pap janm rive konprann apre Komandan an chef Milis Braslè Woz la pran kèk gagann “sivilize” sou plato TV5 ak RFI.

 

a) Se Martelly ki te mande pou l al rankontre ak Francois Hollande. Nan diplomasi moun ki leve al lakay lòt la se li ki mande rankont. Nan tèt moun yo, se te yon rankont pou fè foto selman. Paske Martelly te deja rankontre ak Hollande an Fevriye ane sa a, epi li gen pou rankontre ak li ankò nan fen mwa Novanm nan nan Dakar, kapital Senegal nan kad Sommet Francophonie. Kidonk nan zye jounalis blan franse sa yo ki, antan ke sitwayen, lalwa peyi yo ba yo dwa pou kesyone depans yon prezidan, prezans Martelly an Frans se ekspresyon lajan ki ap gaspiye, epi pep Ayisyen an pa anmezi mande kont. Kidonk, se pou sa yo mande l: Sa l vin chache an Ewop?

 

b) Propagann Martelly a ki chita sou yon zafè: Premye Fwa sesi, premye Fwa sela, te pare pou manche nan zorèy moun tout lasent jounen, se premye fwa yon chef Leta Ayisyen an fonksyon ale Fort de Joux. Kòm pase 25 an fimen pay ak rale ti poud epi chante pawòl  betiz sal pa ka ranpalse liv, Martelly pa konnen li pa an mezi maske reyalite istorik. Senbòl Toussaint nan Fort de Joux, la Frans fè de li yon jeneral Franse ki tap goumen pou enterè Lafrans. Dayè, menm Napoleon pral regrèt aprè li te voye konbat Toussaint. Li di “ Si m te koute Toussaint mwen pa tap pèdi Saint Domingue”. Si Toussaint Louverture pase pou yon lidè ki tap goumen kont esklavaj, listwa montre tou, projè Toussaint an se te yon peyi lib men ki rete anba kontròl LaFrans. Anpil zentelektyèl Ayisyen rete atache ak projè sa a nan pwen kote yo toujou eksprime regrè yo se pat Toussaint ki te bay Ayiti Endepandans. Kom listwa pa ka fè bak se Dessalines ki bay Endepandans la, yo toujou patisipe nan tout mouvman pou sabote projè Dessalines nan. Michel Martelly ak tout Laurent lamothe montre aklè yo pa nan proje Dessalines nan, se nan Toussaint yo ye. Sa yo pa konprann nan pou LaFrans, Toussaint mouri an jeneral Franse, paske Ayiti pot ko egziste le yo te arête misye e depote l an Frans an 1803. Kidonk, se pa rekiperasyon yon senbol istorik Martelly te al fè, men se touris ak fanmi l epi lakoubèt devan blan li kwè ki siperyè l. Li pa konprann blan sa yo, nan moman an, ap pran pataswèl ekonomik nan peyi pa yo, ki pa menm ka sipòte pròp tèt pa yo telman yo gen problèm jouk nan très cheve yo. Martelly trò inyoran pou l konnen, kolon rete kolon. Kolon pa janm retire nan trou okenn peyi li te foure nan trou.

 

c) Martelly sa w vin chache an Ewòp? Sa w di ak Hollande? Mwen sonje Wolf Blitzer te poze Aristide yon kesyon konsa an Fevriye 2004. Se pa premye fwa dirijan Ayisyen ki vle pale nan sa yo kwè ki gran medya blan, toujou tande fòm kesyon arogan konsa. Martelly reponn, li mande Hollande pou voye profesè remize al travay an Ayiti. Repons sa a revele tout konplèks ki mare nan pye tab kolonizasyon mantal elit Peyi Dayiti a. Martelly pap janm an mezi konprann sistèm edikatif franse a poze problem menm pou Lafrans jounen jodia ki fome yon bann avoka ak medsen ki an chomaj. Mwen di nou sa tande. DOKTE ak AVOKA an chomaj an Frans. Enjenye se goumen pou jwenn kontra. Anpil ti jenn fini lekòl blije tounen kay paran yo pou al viv annatandan yo ka jwenn yon djob. Kòm an Ayiti, medya yo pa al chache done pou koresponn ak manti ofisyel yo, program Martelly ap fe dyòlè pou li a sal rele “scolarisation universelle” la, non sèlman se pa li ki konsevwa l, an plis li ap pote jèm yon kriz pou pi devan. Sou ki mache travay ou pral mete moun wap fòme yo nan moman an. Al pran egzanp yon bann agronòm, medsen, ki fòme nan Kiba ak Sendomeng, yo pa menm ka jwenn travay an Ayiti nan moman an. Se sa ki mete Ewop la an kriz. Se menm program sa a ki mete mond arab (Maroc, Tunisie. Egypt elatriye) an kriz. Yon ban jenn gason ak fanm ki fòme e ki pa jwenn djob.

    Martelly ak tout Lamothe se 2 pleziyis. Tet Kale se sinonim Plezi sou do pèp. Projè ki nan men yo se projè blan mete nan men yo pou ajanda blan. Lafrans razè. Li ap mande Almay pou ede l, paske Almay ap byen mennen nan moman an. Almay pat gen tanfoure pye l fon nan kolonizasyon li pa gen redevans ak okenn ansyen koloni. Almay di ni Lafrans, ni Potigal, ni Italie vin pote tout rezèv lò yo genyen lakay yo vin mete l nan bank pa l. Lafrans te gen pi gro rezèv lò an Ewòp. Kote l te pran l? AYITI. Youn nan avantaj Lafrans te pran nan siyati Konkòda 1860, se voye pè vin kontinye ranmase lò nan tout kwen peyi Dayiti pou pote yo an Frans. Nenpòt ti bout lò yon peyizan te jwenn nan jaden, nenpòt ja lajan se te pote l bay monpè ki se ajan Leta franse. Se sak te bay Lafrans lajan pou l peye zam nan men ameriken le Alman te anvayi l nan dezyem gè mondyal. Kounye a se lò say o Lafrans ap likide. Ou kwe li ap tolere pou soufrisken li te fin dechèpiye vin anmede l nan moman li an chimè? Se sa Nèeg Dayiti pap konprann. Ou pa wè se pou sa li dekore zentelektyel yo detanzantan, pou pa al fouye nan paj say o. Yon fason pou l rale yo nan kòd ralba pou pa lonje dwèt jouda nou sou li. Men sa w te fout al chache vre kay blan franse yo Martelly? Ou te konprann apre w fin danse sou teyat Pon-Rouj kote yo te asasinen lanperè Dessalines nan yo tap byen resevwa w kay lenmi an. Se malkalkile sa malpouwont…

     

    Norluck Dorange 

    No comments:

    Post a Comment