Monday, November 10, 2014

Not pou laprès pou mande liberasyon prizonye politik yo

Pòtoprens, lendi 10 Novanm 

#002

Not pou laprès pou mande liberasyon prizonye politik yo

Fòs patriyotik pou Respè Konstitisyon an (FOPARK) kontan salye pèp ayisyen anpatikilye medya yo, jounalis yo, òganizasyon dwa moun yo, òganizasyon fanm yo, tout òganizasyon de baz yo, pati politik yo, sosyete sivil la, depite, senatè e ak senp sitwayen pou detèmininasyon nou, vijilans nou ak solidarite nou pote bay kowòdonatè ak pòt pawòl FOPARK la ki se Biron Odigé ak Rony Timothée depi lè arestasyon abitrè, ilegal e enkonstitisyonèl dimanch 26 oktòb 2014 la nan mitan yon gwo manifestasyon pasifik, jiska jounen jodi a e ki te genyen kòm objektif mande depa Mateli ak Loran Lamòt nan tèt peyi a.

FOPARK ap fè sosyete a konnen ke gen gwo menas asasina ou anpwazonman kont Biron Odigé ak Rony Timothée nan prizon kote yo ye a, daprè enfòmasyon nou genyen ki sòti nan ministè lajistis menm. Rejim diktatoryal san fwa ni lwa Mateli-Lamòt la genyen anba men l.  Selman nan Pòtoprens gen yon 30 tèn prizonye politik, tankou : Biron OdigéTimothée RonyEnold ak Josué FlorestalLouima LouijusteJean Robert Vincent, pami 11 moun yo te arete nan manifestasyon 1er Me 2014 la, genyen 4 ki toujou nan prizon epi plis 18 moun yo arete nan manifestasyon 17 oktòb la. San nou pa konte prizonye politik yo ki nan prizonye Okap, Gwo mòn, Tigwav ak Jakmèl. 

FOPARK ap mande ak sosyete a : òganizasyon dwa moun yo, sektè demokratik la e opozisyon an anpatikilye pou n kontinye leve vwa nou pi fò toujou pou n jwenn liberasyon tout prizonye politik yo nan tout peyi a, espesyalman Biron Odigé ak Timothée Rony ki gen plis pase 16 jou nan prizon san yo pa janm pase devan jij. Sepandan, sektè òganize peyi a ki se limyè sosyete a pa dwe fè bak devan fòs fè nwa rejim tèt kale a.

FOPARK ap mande kote òganizasyon peyizan nou yo, kote pil ak pakèt òganizasyon popilè nou yo, òganizasyon fanm yo, òganizasyon ti machann yo, òganizasyon elèv ak etidyan, òganizasyon anseyan, òganizasyon sosyo profesyonèl yo, òganizasyon patron medya yo, asosiyasyon jounalis yo, sektè relijye a, sektè ouvriye a, sosyete sivil òganize a elit entèlektyèl  peyi a, ta sanble nap dòmi toujou paske silans simetyè sa a ak pasivite nou fas ak rejim diktatoryal kòronpi Mateli-Lamòt la ap fè n pase kòm konplis fas ak destriksyon masiv de tout valè demokratik nou yo, fas ak disparisyon valè moral nou yo, nou pa wè toujou anvironman politik, ekonomik, sosyal ak edikasyon peyi a fin polye anba men ekip tèt kale a.

Kote lidè politik nou yo, kote pil ak pakèt bann diskou nou yo kite konn monte moral ak konsyans popilasyon an ? Eske se eleksyon nap tann e si nap tan eleksyon pou konbyen tan ankò paske rejim Mateli-Lamòt la pa gen ni volante ni moralite ni lejitimite e ni kredibilite pou òganize eleksyon demokratik anndan peyi a.

Fòk nou pa chita nan fè vye propozisyon sòti kriz bidon, tèt anba, tèt chat, antipèp pou n fè blan ak Mateli plezi, kòm kwa pou n fè zye dou bay blan an pou n montre nou ka reflechi, pou blan an ka favorize nou pouvwa epi ki pouvwa atò "map baw, wap banm epi kriz politik enfini" epi chak fwa nap pale, nap di pèp, pèp, alò de ki pèp nap pale ? paske mizè, soufrans, tribilasyon, grangou, chomaj pou pèp la.

Nou vin konprann anpil nan lidè politik nou yo, yo fin plen vant yo, pòch yo ranpli ak dola tankou se ze paske se pat pèp la ak peyi a yo tap defann vre men se pito povrete yo ak mizè yo yo tap sove nan non pèp la e sou do pèp la.

Depi avan Mateli monte sou pouvwa a lap bay pèp la manti pou jis jounen jodi a, kote li te envite pèp la pou l tal vote nan eleksyon 26 oktòb ki sot pase la a, kote eleksyon an? Se yon krim de wot trayizon.

Mateli arete depite anfonksyon, li legalize madanm li ak pitit li pou foure men  nan lajan leta san kontròl tèt kale, li fè presyon sou yon jij endepandan ki tap trete yon dosye lajistis, jiskaske jij la rive mouri. Se krim de wot trayizon san nou pa bliye gaspiyaj byen ak richès peyi a, vag kòripsyon ekip tèt kale a ap naje san pyès enkyetid, se kòmsi se konstitisyon an menm ki ba yo dwa espesyal sa a epi sosyete a kanpe ap gade, ap respire vye odè sal sa a epi jiskaske nou jwenn moun nan sosyete ajounen jodi a kap felisite Mateli kòm yon moun ki vin saj, ki vin tankou mouton nan chèche vye djòb premye minis ak privilèj epi depi kilè frize te konn rele pitit li frizelya, se lolo lyon Mateli ap lolo yo pou l kapab lala yo.

Pèp ayisyen kale zye nou byen gran, redouble vijilans nou ak detèminasyon nou, ann revize lit la kont rejim tèt kale a ak tout MINUSTAH paske pèp Boukina Faso a sot montre nou yon bon wout pou n sove Diyite nou, moralite nou ak aki demokratik nou yo epi tou fòk nou pa bliye orijin nou, se sou kontinan Afriken an li sòti paske pi bonè se granm maten.

Pou n fini, FOPARK ap ekzije liberasyon imedya e san kondisyon Biron OdigéTimothée Rony ak tout lòt prizonye politik yo.

Ayiti pap ni peri ni detwi paske pitit gason vanyan ak fanm vanyan li yo toujou vivan.       

 

Siyati komite a:

 

  1-Dalès RAYMOND, Secrétaire Général    

  2- Jose Benoit Louissaint , Secrétaire Adj. 

  3Ronique Paul Joseph, Trésorière 

  4- Raynold Jean, Délégué.                                                                                                           

 

 

 

 

1 comment:

  1. Si nou pa chaché jwenn yon solisyon ant AYITIEN, nou tout ap pèdi tankou yon bann idyo. Paske l'oksidan ap gade nou kap detwi pwòp tèt nou, yo ap jwe wol ensandyè epi yap jwe wol ponpyé, pandan ke ya ri malè nou, pou yo ka tounen vini ba nou okipasyon fewòs. Tout okipasyon se pi gwo malè yon pep ka konnen nan istwa li, paske okipasyon pote maladi, destriksyon, imilyasyon, kadejak sou sitwayèn ak sitwayen nou, etc... Mwen mandé tout aktè ki nan kriz la, pou yo fè yon retou nan pase pou yo al aprann e konprann kisa ki te okipasyon etazunyène nan, ki domaj li kite nan mitan nou, paske mwen santi nou nan wout pou nou pran yon lòt okipasyon fewòs nan main Etazunyen. Mwen panse chak aktè yo dwé aji avek humilité pou yo bay AYITI yon chans. Nou deja anba okipasyon ONU/MINUSTAH, nou paka pran yon lòt ki pi fewòs ke sa, nan moman ki pral fè peyi ya 100 ané depi li te tonbe anba bòt kolon okipan Etazunyen. Ann leve vwa nou pou nou di: NON SA PAP PASE, NON A OKIPASYON FEWÒS ETAZUNYEN. VIV AYITI LIB, VIV AYITI NAN LINYON, VIV AYITI ENDEPANDAN. Ann pa kite pyès lòt nasyon fè enjerans sou bout tè papa Dessalines nan. Ann bliye tout enterè pèsonel, ann mete AYITI premye. VIV AYITI. REZISTANS!

    ReplyDelete