Friday, January 2, 2015

Kwadèboukè an dèy yon lot fwa ankor

APA pifo pitit lakay se anba kout zam asasen yap tonbe m'zanmi.

Nan mwens ke yon mwa, sa fè dezyèm jèn demwazèl, pitit Vil LA ki tonbe anba zam asasen.

Kot sa prale m'zanmi.

Yon jèn kite si pwomèt, TT anvi l devan'l. Li pat merite yon lanmo osi tèrib.

Nou met chapo-n byen ba poun salye TT fanmi l, spesyalman manman l Ghislaine Jeanbon, frèl Patrick ak Frantzdy Cantave, Annie Cantave. Tout matant li yo, sitou Rosella Lajeunesse, Annette Jeanbon, Evelyne Balan, tontonn'l Alex Jeanbon ak TT lot rès ko fanmi an. Kouzen ak kouzi-n li yo spesyalman manm cdb united Lorena LacombeKarina Lajeunesse, martinaldo ak Martine Jean bon, zanmi fanmi m Nadine Lajeunesse ak, Laja Ness

Nan nom TT moun kwadèboukè, spesyalman fanmi m. Mwen mete m byen ba poum dil R.I.P.

Ann kanpe pou LA pè m'zanmi.
Ann rele anmweyyyy kont TT eleman jenan kap simaye dèy ak la terè lakay.

Sè Marie Jeanne mouri anba zam asasen, nou pa di anyen.
Johane Bernadeau mouri anba zam asasen li menm tou, nou ret Bèkèkè
Men Melisa fèk tonbe anba zam asasen tou

Kisa nap tann, poun fè yon feso kont San fwa ni lwa sa yo. Kap simaye dèy ak LA terè nan plèn nan?

Sèlman, si-n kontinye chita gade san di yon mo, nap eskize m wi sim di nou sa, SE PRAL TOU PA yon lot zanmi fanmi n ankor wi.

Nou fatige ak bagay sa yo 
m'zanmi!!!

Pierre Holligario Seignon

               R.I.P Melisa Cantave

No comments:

Post a Comment