Friday, January 2, 2015

NOT POU LAPRES

MONOP (Mouvman Nasyonal Opzisyon Popilé) salye laprès, pou kouraj yo ak volonte yo pou akonpayman yo bay pèp la nan gwo batay pou dechouke baka mare baka mete baka deyò nan peyi a. Nou di ochan pou tout Militan, konbatan ki pran reskonsabilite yo pandan tout yon lane, ki pajanm sispann pran lari pou voye ale ekip tét kale Duvalyeris lan. 

MONOP di tout Moun ki mouri, ki blese nan lit sa a san yo pap koule pou granmèsi, lap sèvi kòm angrè nan motè mobilizasyon an. 
MONOP pap janm bliye nou. Tout Moun pouvwa a kraze Kay yo anba lavil, tout Moun ki paka manje, ki pap travay, ki nan soufrans, ki pa jwenn lasante, ki pa jwenn bonjan edikasyon, bonjan dlo potab, MONOP di nou jou delivrans lan  patwò lwen pou n refè yon lòt 16 desanm 1990, kap menen nou nan yon lòt delivrans demokratik. 

MONOP di VIV INITE  m ak SOLIDARITE nan kan pép la pou yon lòt Ayiti tou nef.


Pou MONOP
Fadot André kwodonaté
Printemps Belizaire pot pawól

No comments:

Post a Comment