Thursday, October 30, 2014

Lèt tou louvri a Daly Valet

Daly s'ennuie...
 
Lèt tou louvri a Daly Valet
 
Vini m pale w Daly Valet... 
 
DS: Après avoir lu le texte en créole de Daly Valet, reproduit sur le net, intitulé «Refòmilasyon 10 pwen pwopozisyon mwen an pou rezoud kriz politik konjonktirèl ak striktirèl Ayiti a», je me suis rendu compte que Daly n’a probablement pas lu au complet le texte de la Constitution de 1987 et ignore totalement la liste des articles proposés et adoptés par la 48eme législature, en septembre 2009, pour être amendés. Malheureusement. 
 
DS: Mezanmi pwopozisyon Daly Valet a tèlman mal plòtònen li mele, m pa konen ki bò poum komanse. Daly gen lè pa twò maton tou nan matematik e sanble li pa menm konpran’n kalkyl ke li fè a, an nou gade yon pati nan pwen2 ak 6 pou nou demele-l.... 
 
DALY: Pwen 2 « Konferans Nasyonal la ap travay sou yon refòm konstitisyonèl. Refòm sa pral gen objektif prensipal diminye kantite eleksyon nan peyi a, amonize tan elektoral ak tan konstitisyonèl la pou eli yo nan sistèm politik la, rezoud yon fwa pou tout kriz sistèm elektoral ak rejim konstitisyonel la. Refòm konstitisyonèl la ap prevwa yon manda 4 lane pou prezidan ak 5 lane pou Senatè, Depite ak MajistraPrezidan an ap kapab fè 2 manda maksimòm youn aprè lòt a travè eleksyon prezidansyèl chak 4 lane. Sa t ap bay tout Prezidan nèf posibilite fè yon grenn eleksyon pandan 4 lane manda l. Eleksyon sa t ap fèt jisteman aprè premye ane manda l. Nan kad teyori dwa konstitisyonèl ki rele "Parlementarisme rationalisé" a, Prezidan an t ap kabap mennen kanpay pou mande pèp la ba l yon majorite Depite ak Senatè pou sipòte pwogram li nan Palman an e genyen yon Premye minis ki gen yon baz lejislatif majòritè pou l byen gouvène. »   
 
DALY: Pwen 6 « Premye Prezidan k ap eli nan Konstitisyon refòme a ap prete sèman 7 fevriye 2016 ».« Nouvo Palmantè yo ap antre an fonksyon dezyèm lendi mwa janvye 2016. » Daly di « Prezidan nèf la ki monte 7 fevriye 2016 « ap fè yon grenn eleksyon pandan 4 lane manda l. Eleksyon sa t ap fètjisteman aprè premye ane manda l »   
 
DS: Si nan pwen « Premye Prezidan k ap eli nan Konstitisyon refòme a ap prete sèman 7 fevriye 2016 » wap dakò frè m Daly manda l ap fini 7 fevriye 2020 e si « Nouvo Palmantè yo kap antre an fonksyon dezyèm lendi mwa janvye 2016. » Wap dakò tou manda yo ap fini dezyèm lendi mwa janvye 2021. Daly ou ekri nan pwen 2 « Sa t ap bay tout Prezidan nèf posibilite fè yon grenn eleksyon pandan 4 lane manda l »  
 
Daly frèm fòmil sa a bon selmanpou Premye Prezidan kap prete sèman 7 fevrye 2016 la kap gen pou li fè yon grenn eleksyon an oktòb 2019 pou Prezidan ki ap ramplase l  7 fevriye 2020. Daly gen yon lòt ka prèske parèy men pli komplike wa wèl pli devan pou prezidan kap monte 7 fevriye 2032
 
Men sa a ke ou pako konpran’n nan Daly : Prezidan kap prète sèman 7 fevrye 2020 lap gen pou fè 2 eleksyon youn an oktòb 2020nan menm ane ke li rive o pouvwa a men « pa aprè premye ane manda l » kankou ou ekril Daly pou ranplase Senatè, Depite ak Majistra ke manda yo ap fini dezyèm lendi mwa janvye 2021 e yon lòt eleksyon an oktòb 2023 pou Prezidan ki pwal ramplase l 7 fevriye 2024 nèspa zanmi’m èske sa klè kounye a pou ou ?
 
Si li posib sispan’n fè pwopozisyon « an ve tu an vwala » ki gen kèk feblès lojik dèyè yo. Ou sou 2 esènan chèche amande konstitisyon an rezilta a poko ka ateri si jamè lap ateri. Map kontinye ak matematik la pou konfrè a : 
 
Prezidan kap monte 7 fevrye 2024 la ap fè 2 eleksyon tou youn an oktòb 2025 (fwa sa asèlman  « aprè premye ane manda l ») pou ranplase Senatè, Depite ak Majistra ke manda ap fini dezyèm lendi mwa janvye 2026 e yon lòt eleksyon an oktòb 2027pou Prezidan ki pwal ramplase l 7 fevriye 2028
 
Prezidan kap monte 7 fevrye 2028 la ap fè 2 eleksyon tou youn an oktòb 2030 aprè dezyèm ane manda l pou ranplase Senatè, Depite ak Majistra ke manda ap finidezyèm lendi mwa janvye 2031e yon lòt an oktòb 2031 pou Prezidan ki pwal ramplase l 7 fevriye 2032.
 
Men yon lòt presizyon pou ou Daly: Prezidan kap monte 7 fevrye 2032 lap fè yon grenn eleksyonan oktòb 2035 pou ranplase Senatè, Depite ak Majistra ke manda ap fini dezyèm lendi mwa janvye 2036 e pou Prezidan ki pwal ramplase l 7 fevriye 2036
 
Se sa yo rele yon lot Eleksyon Jeneral kankou sa ou pwopozepou 2015 lan e sa ap rive chak 20 lane Kidonk ant 2015 ak 2035nan « Refòmilasyon » w  lan Mèt Daly ap genyen yon total de 8 eleksyon (oktòb 2019, oktòb2020, oktòb 2023, oktòb 2025, oktòb 2027, oktòb 2030, oktòb2031 e oktòb 2035) e kom tout gen dezyèm tou sa fè 16 eleksyon sou yon peryòd 20 lane mezanmi kote REDIKSYONan Daly lan koze eleksyon peyi a ke wap pale a ? Mwen manke tombe pantan lèm li nan pwen 7«Refòmilasyon » ke ou ekri a. 
 
An nou li :
 
DALY: Pwen 7 « Konsèy Elektoral Pwovizwa ap fè sèlman eleksyon jeneral Oktob 2015 yo. Konsèy Elektoral Pèmanan an ap enstale nan mwa mas 2016. Refòm Konstitisyonèl la ap elimineamandman ke Prezidan Preval te fè konsènan Konsèy Elektoral Pèmanan an e retounen ak mekanis ki te prevwa nan atik 192 Konstitisyon 1987 la. Asanble Depatmantal yo dwe sèvi baz patisipatif nasyonal pou fòmasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an."   
 
DS: Pou benefis ou kolèg Daly men8 atik Konstitisyon 1987 la nan lang ke yo te piblye yo :   
 
ARTICLE 282: Le Pouvoir Législatif, sur la proposition de l'une des deux (2) Chambres ou du Pouvoir Exécutif, a le droit de déclarer qu'il y a lieu d'amender la Constitution, avec motifs à l'appui.  
 
ARTICLE 282.1: Cette déclaration doit réunir l'adhésion des deux (2/3) de chacune des deux (2) Chambres. Elle ne peut être faite qu'au cours de la dernière Session Ordinaire d'une Législature et est publiée immédiatement sur toute l'étendue du Territoire.  
 
ARTICLE 283: A la première Session de la Législature suivante, les Chambres se réunissent en Assemblée Nationale et statuent sur l'amendement proposé.  
 
ARTICLE 284: L'Assemblée Nationale ne peut siéger, ni délibérer sur l'amendement si lesdeux (2/3) tiers au moins des Membres de chacune des deux (2) Chambres ne sont présents.  
 
ARTICLE 284.1: Aucune décision de l'Assemblée Nationale ne peut être adoptée qu'à la majorité des deux (2/3) tiers des suffrages exprimés.   
 
ARTICLE 284.2: L'amendement obtenu ne peut entrer en vigueurqu'après l'installation du prochain Président élu. En aucun cas, le Président sous le gouvernement de qui l'amendement a eu lieu ne peut bénéficier des avantages qui en découlent.  
 
ARTICLE 284.3: Toute Consultation Populaire tendant à modifier la Constitution par voie de Référendum est formellement interdite.  
 
ARTICLE 284.4: Aucun amendement à la Constitution ne doit porter atteinte au caractère démocratique et républicain de l'Etat.  
 
DS: Monchè Daly se pa serye ditou ou konen byen ke se pa Prezidan Preval ki fè tou sèl amandman atik 192 la janw dil la. Se Pouvwa Ekzekitif ki te pwopoze pliziè atik pou amande selon yon pwosedi trè konplike jan konstitisyon an trase l e se 48èm lejislati a ki vote e pwopoze atik li te vle aksepte e voye yo bay 49èm lejislati a ki gen sèl privilèj pou adopte atik li vle ou wejte sa li pa renmen Ekzekitif la pa gen oken dwa ni pouvwa pouli intèfere nan vòt 49èm la (sèl lè li ka intèfere se si li vin apran’n ke lejislatè 49èm nan ap fè koken nan chanje e ajoute atik ki pat nan amandman an e se sa jisteman ki te rive nan vòt amandman yo sware 9 me 2011 lè 49èm la te vote poul bay prezidan Martelly 2 manda kansekitif ki pat nan amandman yo e senatè ki te eli pou 6 zan an 2006 te recevwa an twokaj 2 lane an plis nan manda yo pou yo te ale dezyèm lendi mwa janvye 2014. Wa chèche konen kiyès ki te fè yo fè bak. Men sa ki te dwe merite atansyon w Mèt Valet pou al chèche konen e denonse pou ke oken palementè pa janm eseye fè sa ou lòt fwa. Daly jan w rakonte l la yo ka rele sa twonpe entèlijans ti pèp la.
 
Daly ou vle banou van poun ale La Gonav nou wè ou aroyo nan afè 2 manda youn aprè lòt la, sonje se afè manda kansekityf la ki gateamonizasyon tout manda yo ki te dwe fèt an 2016.
 
Mwen wè ou pa janm chèche konen sa ki te pase an 2011 pou w ta retabli laverite pou pèp la paske tout lougawou ak aloufa yo ki te fè dezòd nan vòt amandman yo an 2011 ampil la dan yo o pouvwa kounye a e ap tan’n eleksyon an pou yal fini zèv inacheve e "kriminèl" yo. Ala li ta bon si ou taka dekouvri tout koupab yo e voye yo devan jij natirèl yo la nasyon tap diw ou gwo mèsi.
 
Nan pwen 4 la nou li :
 
DALY: « Prezidan Martelly ap gen dwa patisipe kòm kandida pou yon dezyèm manda prezidansyèl nan eleksyon jeneral ki dwe fèt an Oktòb 2015 yo sou banyè Refòm Konstitisyonèl la. Si li ta rive eli nan eleksyon sa yo, se t ap dezyèm e dènye manda prezidansyèl li. Kèlkeswa lè li ta eli ankò pou yon dezyèm manda se pral dènye manda l. »  
 
DS: Mèsi pou presizyon sa yo ! Daly ou ganlè pa vlè kwè se afè 2 manda kansekityf la ki mete nou nan mera nou ye jodia ou ganlè pa vle kwè tout bon.  
 
Nan pwen 4 la ankò nou li:
 
DALY: « Konferans Nasyonal la nan yon lespri rekonsilyasyon nasyonal ap defini kad ak kondisyon yon ansyen Prezidan ki pa t fè ou byen ki pa t fin fè 2 manda sou banyè Konstitisyon 1987 a kapab rekandida ankò pou prezidan sou banyè Refòm konstitisyonèl la.»    
 
DS: Gade mèt dam’m Daly avek mwen. Gen yon sèl ka konsa kounye a depi 1987 e ou te dwe di nou paske « pa gen wout pa bwa » ke wap pale de Prezidan Aristide. E an bon entèlijan Daly ou ajoute pati sa a jis pou flate elektora Lavalas la pou ou wè si w taka ankouraje yo vote pou pwopozisyon w lan.   
 
DALY: Pwen 4 « Demisyon ak depa antisipe dènye tyè Sena a ki dwe ale dezyèm lendi mwa Janvier 2017. Menm jan ak pou Prezidan an, 10 Senatè sa yo ap fè depa antisipe sa imedyatman aprè piblikasyon rezilta referandòm Jiyè 2015 lan si pèp Ayisyen adopte Refòm Konstitisyonèl la. Si popilasyon an jete referandòm lan, 10 Senatè sa yo ap kite Palman an dezyèm lendi mwa Janvye 2017, jan sa prevwa nan Konstitisyon 1987 amande a. »   
 
DS: Pou repete w «Si popilasyon an jete referandòm lan » ou pa di koman pwosedi a ap kontinye pou fè Eleksyon Jeneral yo an octob 2015, ki wòl Prezidan ak 10 Senatè ki resisite yo pwal jwe e ak ki Gouvènman paske selon agenda w la Gouvènman Konsansis ak Sali Piblik la gen pou bat zèl li pa plitake mwa avril 2015 ?
 
Nan pwen 1 nou li : 
 
DALY: Pwen 1 «fòme yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa daprèatik 289.1 »    
 
DS: Daly se plito atik 289Konstitisyon 1987 la ou te vle suman ekri. Si jamè ou te lipwopozisyon amandman 2009la ou ta wè ke atik 289 e 289.3 te fè pati de pwopozisyon yo. Men ki jan 48èm la te vote yo e pwopoze l bay 49èm lan.  
 
An nou li :  
 
L’article 289 se lit désormais comme suit : En attendant l’établissement du Conseil Électoral Permanent prévu dans la présente Constitution, le Pouvoir Exécutif met en place un Conseil Électoral Provisoire de neuf (9) Membrescomposé de représentants du Secteur Public, des Partis Politiques et des Organisations de la Société Civile.   
 
L’article 289.3 se lit désormais comme suit : La mission de ce Conseil Électoral Provisoire prend fin à l’entrée en fonction du Conseil Électoral Permanent.   
 
Men plizyè magouyè nan 49èm lan ki toujou sou moun jodia pat janm prezante, jan lalwa mande l, 2 atik sa yo bay asanble 49èm lan pou yon vot wi ou non, se pou sa nou nan tchou boum jodia.
 
2 Atik sa yo ki te nanpwopozisyon amandman an 2009 gen lè ou pat janm okouwan de fomilasyon yo ki fè ou pwopoze atik 289 nan pwen 1 w lan ki pa pli bon ke sa 48èm la te pwopoze Daly.
 
DS : Daly afè manda 4 lane e 5 lane ou pwopoze yo tre endesan e malonèt paske li kenbe menm statikwo li pa vrèman diminye kantite eleksyon nan peyi a tandiske pwopozisyon amandman ke 48èm lejislati a te vote e adopte a te prevwa manda tout eli pou 5 lane sa ki korespon’n plizou mwen a mwayen poch peyi a yon eleksyon chak 5 an san nou pa lonje bòl nou bay kominote entènasyonal la. Kòm mwen wè ou pa konen ki sa ke yo te pwopoze an 2009 pou manda yo map pibliye yo pou benefis ou :   
 
L’article 63 se lit désormais comme suit : L'administration de chaque section communale est assurée par un conseil de trois (3) membres élu au suffrage universel pour une durée de cinq (5) ans. Ils sont indéfiniment rééligibles. Son mode d’organisation et de fonctionnement est réglé par la loi.  
 
L’article 68 se lit désormais comme suit : Le mandat du Conseil Municipal est de cinq (5) ans et ses membres sont indéfiniment rééligibles.  
 
L’article 78 se lit désormais comme suit : Chaque département est administré par un conseil de trois (3) membres élus pour cinq (5) ans par l’Assemblée Départementale.  
 
L’article 92 se lit désormais comme suit : Les Députés sont élus pour cinq (5) ans et sont indéfiniment rééligibles.  
 
L’article 92.1 se lit désormais comme suit : Ils entrent en fonction le deuxième lundi de janvier qui suit leurs élections et siègent en deux (2) sessions annuelles. La durée de leur mandat forme une législature.  
 
Au cas où les élections ne peuvent aboutir avant le deuxième lundi de janvier, les députés élus entrent en fonction immédiatement après la validation du scrutin et leur mandat de cinq (5) ans est censé avoir commencé le deuxième lundi de janvier de l’année de l’entrée en fonction.
 
L’article 95 se lit désormais comme suit : Les Sénateurs sont élus pour cinq (5) ans et sont indéfiniment rééligibles. Ils entrent en fonction le deuxième lundi de janvier qui suit leurs élections.  Au cas où les élections ne peuvent aboutir avant le deuxième lundi de janvier, les sénateurs élus entrent en fonction immédiatement après la validation du scrutin et leur mandat de cinq ans est censé avoir commencé le deuxième lundi de janvier de l’année de l’entrée en fonction.  
 
L’article 134.1 se lit désormais comme suit : La durée du mandat présidentiel est de cinq (5) ans.  
 
L’article 134.2 se lit désormais comme suit : L’élection présidentielle a lieu le dernier dimanche d’octobre de la cinquième année du mandat présidentiel. Le président élu entre en fonction le 7 février suivant la date de son élection. Au cas où le scrutin ne peut avoir lieu avant le 7 février, le président élu entre en fonction immédiatement après la validation du scrutin et son mandat est censé avoir commencé le 7 février de l’année de l’élection.         
 
Avek dire manda ki te pwopoze nan amandman 2009 kote 5 lane pou tout eli sou yon peryòd de 20 lane nou te pwal genyen aprè 20164 éleksyon selman e lè ou ajouteyon dezyèm tou sa baw yon total de 8 éleksyon.   
 
Kòm nou te deja montre l avan, plan w lan Daly, sou yon peryòd de 20 lane aprè 2016, li prevwa 8 eleksyon e kan ou ajoute yon dezyèm tou sa baw yon total de16 eleksyon ki reprezante 2 fwa plis eleksyon ke pwopozisyon amandman yo te prevwa. Daly Plan sa a pabon frè m. E Kom ou pat bay kalandriye elektoral plan w lanm fe travay la pou ou.
 
Mèsi paske ou lim’m ou tande’m e koute’m. Respè pou ou DV !
 
Shalom. D.S
 
 
DALY : Daly Valet
DS : Dieudonne Saincy
 


No comments:

Post a Comment