Sunday, December 7, 2014

Batay la ap kontinye

Jounen samdi 6 desanm 2014 la se te dezyém manifestasyon nan dezyém Faz operasyon Burkina Faso a. Te gen manifestasyon toupatou nan peyi dayiti tankou nan potoprens, nan tigwav, nan Jakmel, nan vil okay, nan vil okap, elatriye. Te gen anpil anpil moun lari nan tout peyi a. Patisipasyon pép la nan manifestasyon yo ogmante lejitimite batay opozisyon an. Mobilizasyon an dwe pémét nou ranvèse prezidan Martelly ak tout ekip li a, men li dwe pémét nou rive mete yon ekip gason ak fanm ki gen konpetans, kouraj ak vizyon dirije peyi a. Chanje kondisyon lavi mas pèp la se yon nesesite, se pa yon jwèt. Nou Mande popilasyon an pou kontinye mobilize nan 4 kwen peyi a, pou rapouswiv dezyém Faz operasyon Burkina Faso a. Mèt André Michel ap toujou kanpe bò kote pèp la, l' ap kontinye defann pèp la, l' ap toujou batay pou chanje kondisyon lavi popilasyon an. Pèp ayisyen an bezwen yon ekip ki djanm ki pou ede l' genyen batay la.             
La victoire n' est pas trop loin. Vive la République.


No comments:

Post a Comment