Sunday, December 14, 2014

Not pou la près

MONOP: Mouvman Nasyonal Opozisyon Popilè, mouvman de baz Fanmi Lavalas di ochan pou laprès pou tout òganizasyon pou tout militan, konbatan, ki pa vann konsyans yo ak pouvwa tèt kale a. Ayibobo pou tout militan konsekan kite angaje yo nan dezyem faz Operasyon Burkina Faso wa, ki te ranfòse pa operasyon mete baka deyò. Malgre nou konnen bilan fini ak plisye blese e moun mouri, men batay la ap kontinye. Monop ap pwofite wete chapol byen ba devan detèminasyon, volonte ak kouraj pèp ayisyen an ki deside pran desten peyil an men, ki pa dakò etranje  pote solisyon pèpè ki ka plonje peyi a nan plis kriz toujou.
Monop ap pwofite kondane aksyon malonèt Minista te fè sou manifestan yo 12 desanm nan lel te deside matrake pep la ak kout baton gaz lakrimojèn. Zak sa yo pa dwe rete enpini. Monop di  tout konbatan malgre menas ak entimidasyon batay pou liberasyon an pap kanpe. Sevre nou mete yon baka deyò men gen anpil gwo baka toujou ki kontinye ap souse san pèp la fòk nou mete yo deyò, randevou a deja kase demen lendi 15 desanm, nan gwo rasanbleman Fanmi Lavalas nan Fondasyon Dr Aristide pou democratic e 16 desanm randevou a sou beton an ak Fanmi Lavalas. 
VIV INITE AK SOLIDARITE NAN KAN PEP LA.

Andre Fadot kòdonatè 
Printemps Belizaire pòt pawol 


No comments:

Post a Comment