Thursday, December 25, 2014

NOT POU LAPRÈS

MONOP (Mouvman Nasyonal Opozisyon Popilè) wete Chapo l byen ba devan pèp ayisyen an pou kouraj ak detèminasyon l nan batay pou derasine pouvwa diktatoryal mately a. 

MONOP konsidere nominasyon Evans Paul K-Plim kom yon provokasyon-C yon kadejak pouvwa tèt kale divalyeris la fè sou konstitisyon an, sou sektè demokratik la.
MONOP mande tout sektè demokratik lan, tout militan konsekan rete soude pou n fè echèk ak plan makab Mateli ak kominote entènasyonal la pou fini a peyi a nèt. 

Monop vle raple nou yon lot fwa aprè chwal la fin ponpe nan meri potoprens, nan ONA, nan ministè komès ak enteryè,  kounye a yo vin n lagel nan savan-n  primati poul derasinen tout ti rès zèb  ki te rete nan peyi a. Aprè siklòn lamothe fin pase nou pap pran nan groudou groudou K-Plim.
Monop di tout pèp ayisyen mobilize, mobilize, mobilize, Operasyon anchene baka, mare baka, mete baka deyo pap kanpe. 28, 30, 1e janvye pèp la pral kontinye pile beton wan.  

VIV INITE AK SOLIDARITÉ NAN KAN PÈP LA. 

Moun ki siyen l
André Fadot-Kowòdonatè
Printemps Bélizaire -Pot Pawòl
Hilaire Prophête-Kowòdonatè adjwen


No comments:

Post a Comment